|
Sa Fonkoze Ye?
Fonkoze, se ti non jwèt Fondasyon Kole Zepòl. Se yon Bank Altènativ ki la pou kore òganizasyon moun pòv yo ann Ayiti. Se pi gwo enstitisyon mikwofinans ki ekziste nan peyi a, e ki ofri tout moun (Ayisyen kou Etranje) plizyè sèvis finansye, espesyalman moun k ap viv andeyò yo.
Fonkoze fonde ann Ayiti 18 Avril 1994. Kounye a, Fonkoze gen plis pase
60,000 moun ki depoze kòb ladan l. Fonkoze deja bay plis pase
28,000 moun kredi. 96% ladan yo se fi. Fonkoze gen 250 anplwaye k ap travay nan
23 biwo ki gaye nan tout 9 depatman peyi a. Gen 22 nan Biwo sa yo ki an pwovens. Men kalte
sèvis Fonkoze ofri yo:
· Kredi pou ti machann yo ak ti antrepriz ki an pwovens yo;
· Epay (Sere Kòb) pou ede moun pòv yo gen yon bwat sekrè labank;
· Sèvis chanje lajan ki pèmèt kliyan yo chanje dola ameriken an goud ak yon pi bon to;
· Sèvis transfè lajan ki pèmèt Ayisyen k ap viv aletranje yo voye lajan ann Ayiti ak yon frè ki ba anpil; epi
· Fòmasyon nan alfabetizasyon ak jesyon biznis.
Fonkoze: Fondasyon an
Fonkoze ap goumen kont pwoblèm moun pa konn li ak ekri ann Ayiti atravè pwogram edikasyon li an ki se premye pami lòt yo; pwogram sa a marye fòmasyon baz alfabetizasyon an ak edikasyon pratik ki baze sou sijè tankou jesyon biznis ak sante nan zafè fè bagay ak fè pitit. Pi devan Fonkoze konte ajoute lòt sijè anndan pwogram lan.
Fonkoze ap travay pou l kore ti antrepriz ki andeyò Pòtoprens pou yo kapab kreye dyòb oubyen bay popilasyon andeyò a mwayen pou li vann pwodui li yo aletranje. Kounye a, Fonkoze bay ni pwopriyetè biznis endividyèl yo ni koperativ agrikòl yo kredi.
Fonkoze ap louvri lòt nouvo biwo k ap rive sèvi menm zòn ki pi andeyò yo ak popilasyon ki pi pòv yo. Yon fwa Fondasyon an sipòte Biwo sa yo joustan yo vin rantab, apre sa, Bank Fonkoze ap achte biwo a nan men Fondasyon an. Konsa Fondasyon an ap kapab kontinye louvri plis biwo toujou.
Konsa tou, Fondasyon an ap devlope pwodui finansye tounèf epi l ap teste yo pou l satisfè bezwen moun ki nan zòn andeyò yo. Pwodui sa yo ap parèt sou plizyè fòm tankou mikwo-asirans, finansman pou amenajman kay, oubyen ti kredi pou fè moun ki pi pòv yo kòmanse yon ti Komès.
Se Fondasyon an ki manman tout biwo Fonkoze yo, menm si yo chak granmoun lakay yo. Men youn soutni lòt, youn kore lòt tankou sa fèt nan yon bon fanmi. Anvan lontan, Fondasyon an pral retire tout sèvis finansye l yo, pou l voye yo nan Bank Fonkoze.Fondasyon an ap toujou kontinye bay tout lòt sèvis li konn bay
yo.
Sèvis Finansye Fonkoze
Fonkoze vle òganize l pou l patisipe tout bon nan batay devlopman ekonomik peyi nou an. L ap fè demach pou l vin tounen premye Bank Mikwokredi ann Ayiti. L ap travay pou l ogmante sèvis finansye li yo pi plis toujou, pou l tounen yon bank k ap ofri tout sèvis labank yo avèk misyon pou l bay moun k ap viv andeyò yo tout yon seri sèvis finansye ki fèt pou rann moun endepandan epi pou demokratize ekonomi peyi a.
Bank Fonkoze deja depoze tout papye l yo nan Bank Santral (BRH) kote li fè demann pou yon lisans Bank Komèsyal. Anvan lontan, Fonkoze ta dwe jwenn lisans sa a, sitou paske tout papye l yo kòrèk e an plis li deja motive anpil envestisè etranje pou vin envesti ann Ayiti ansanm avè l. Gen anviwon 3 milyon dola ameriken envestisè sa yo pare pou vin envesti ann Ayiti depi Fonkoze jwenn lisans lan.
Bank Fonkoze gen pwojè pou l sèvi plis pase 100,000 kliyan k ap resevwa kredi avèk yon aktif ki depase 38 milyon dola ameriken sou yon peryod 5 lane apre Bank la fin ouvri.
Ki Kote Nou Travay
Fonkoze genyen biwo tout kote nan peyi a: Fonkoze genyen biwo tout kote nan peyi a:

Fonkoze USA
Fonkoze USA te fonde Ozetazini an 1997 kòm yon ONG k ap kore Fonkoze ann Ayiti. Se kote Direktè Fonkoze USA a rete, Biwo a ye. Kounye a Biwo a chita nan Nouyòk.
Men kisa Fonkoze USA fè:
· Resevwa lajan kòm don ak envestisman pou Fonkoze ann Ayiti,
· Fè plis moun konnen sa Fonkoze ann Ayiti ap fè ak sa li bezwen, epi
· Chèche asistans teknik pou sipòte travay devlopman ekonomik Fonkoze ap fè ann Ayiti.
Pandan Fonkoze USA ap sipòte plizyè lòt ti pwogram ann Ayiti, pi fò lajan li resevwa ale nan Fonkoze.
Si sa enterese w pou w aprann plis bagay toujou sou Fonkoze USA, tanpri kontakte nan adrès sa a:
fonkozeusa@fonkoze.org
Kouman Fonkoze Kab Ede w Voye Kòb Ann Ayiti?
Eske fanmi w konn bezwen kòb tanzantan ann Ayiti? Fonkoze kab ede fanmi w jwenn kòb sa a san pèdi tan, nan bonjan sekirite. Epi li bon mache. Pou $10 sèlman ou kab voye nenpòt kantite kòb rive $1,000 US! Ki lòt kote ou kab jwenn piyay sa a?
Kouman w kab fè sa ? Se senp:
1) Mande fanmi w ann Ayiti, si yo deja gen yon kont nan Fonkoze. Si wi, mande yo ba w nimewo kont la. Si non, ou mèt ouvri yon kont pou yo lè ou rele nou. Ou kab louvri kont la ak 100 goud oubyen ak 20 dola Ameriken.
2) Rele nou gratis nan nimewo 1-800-293-0308 oubyen voye yon imel pou nou nan
FundNotice@fonkoze.org. Di nou konbyen kòb ou vle voye ann Ayiti epi n ap esplike w tout bagay ou bezwen konnen.
3) Lè fini, voye yon chèk, yon "money order" oubyen yon "wire transfer" bay bank nou an nan New Jersey epi touswit lè kòb la rive New Jersey, fanmi w ann Ayiti ap resevwa kòb la nan biwo Fonkoze ki pi pre l la.
Montan Transfe Kombyen sa koute
| Amount Transferred |
Fee |
| $10 - $1000 |
$10 |
| $1,001 - $2,000 |
$15 |
| $2,001 - $3,000 |
$20 |
| $3,001 - $4,000 |
$25 |
| $4,001 - $5,000 |
$30 |
| $5,001 and above |
$50 |
Men nouvel ou t ap tann lan: Avan lontan ou kab ale sou sit entènèt Fonkoze a pou voye lajan ann Ayiti.
Istwa Fonkoze
[ap vini]
Kontakte Nou
Fonkoze
Anne H. Hastings, Director
Fonkoze
Ave Christophe, #119
Port-au-Prince, Haiti
Ph: (509) 221.7631, 7641, 513.7631
Fax: (509) 221.7520
Ph from the U.S. (800) 293.0308
director@fonkoze.org
Sèvis Finansye Fonkoze
Danielle Belair
Ave Christophe, #119
Port-au-Prince, Haiti
(509) 244-1907, 244-1908
dbelair@sffonkoze.com
Fonkoze USA
John Mercier, Director
Renee J.P. Childers, Administrator
Fonkoze USA
Fonkoze USA
50 F Street, NW, Suite 810
50 F Street, NW, Suite 810
Washington, DC 20001
Washington, DC 20001
Ph: (888) 921.5726
Ph: (202) 628.9033
Fax: (202) 202.9035
Fax: (202) 628.9035
jmercier@fonkoze.org
rchilders@fonkoze.org
|