Accessible

Navigation

Donate_Earthquake

 

 

Donate monthly by becoming a

pledgepartner.gif




Button_Transf_Remitt


Send money to friends and family via our network of 46 branches in Haiti.

Contact Us

Fonkoze USA
1700 Kalorama Rd NW, Suite 102
Washington, DC 20009

More ways to contact us >>

Content

Home

Attention: open in a new window. PDF | Print |

Direktè Kredi ak Devlopman Pòtfey

 

Katagori: Kad Manadjè

SIPEVIZE: CEO

 

OBJEKTIF JENERAL:Asire pòtfey bizinis devlopman (kredi endividyèl) jere pou :

-       Risk pòtfey la toujou rete pi piti ou egal a 5%.

-       Toujou gen nouvo kliyan.

-       Kliyan ki la deja yo satisfè de sèvis ki bay la epi kontinye travay ak BD.

 

Travay Chak jou

 

Devlopman Pòtfey Biznis

  • Prepare yon plan daksyon anyèl pou depatman ka atènn objektif ki fikse yo.
  • Rankontre avèk ajan kredi biznis devlopman pou bay yo konsèy ak enfòmasyon pou yo fè pwomosyon  sou pwodwi yo bay kliyan yo.
  • Analyze evolisyon  mansyèl pòtfey kredi a, fè rekomandasyon pou korije sa ki pou korije epi kominike enfòmasyon sa yo bay direksyon jeneral, finans ak ajan kredi yo.

 

Sipèvizyon Administrasyon

  • Asire l dosye kliyan yo jere kòm sa dwa: demann yo trete dapre delè ki tabli yo,tout enfòmasyon sou kliyan yo nan dosye yo, dosye yo siyen epi klase dapre pwosedi ki tabli.
  • Evalye pwosedi ki anplas yo, fè chanjman ki nesesè epi kominike yo bay anplwaye yo.
  • Asire l rapò statistik yo fiyab, yo reprezante la reyalite.
  • Prepare bidjè anyèl pou depatman an.

 

Jesyon Prè

  • Fè yon kontwol sere sou tout prè ki an fòs : gade si pa gen reta, gade si pa delenkans epi bay ajan kredi yo sipò pou  fè kliyan yo ranbouse lajan yo prete nan delè.
  • Fè vizit teren ak ajan kredi yo, ale wè kliyan yo epi verifye  travay  la fèt dapre pwosedi ki tabli yo epi  kliyan yo satisfè.
  • Evalye ak ajan kredi yo ki demach ki pou fèt lè kliyan yo delenkan:  mete sou pye yon plan daksyon ansanm ak yon kalandriye pou ranbousman prè, rankontre kliyan sa yo ansanm ak administratè epi ajan kredi.
  • Patisipe nan komite kredi.
  • Soumèt lis prè ki pou radye nan direksyon jeneral pou otorizasyon.
  • Fè kalkil pwovizyon pòtfey la dapre metod CAMEL.

 

Jesyon rapò

  • Evalye tout rapò ki soumèt sou pòtfey kredi biznis devlopman pa administratè a.   Mande l tout nouvo rapò ki ka itil pou pran bon desizyon pou depatman an.
  • Fè konsolidasyon tout enfòmasyon  yo epi bay rekomandasyon a direksyon jeneral epi fè swivi ak tout moun ki konsènen pou asire l rekomandasyon yo aplike.

 

 

Resous Imèn

  • Fè rekritman ajan kredi pou depatman an, asire fòmasyon yo, evalye yo .
  • Fè reyinyon avèk staf depatman an pou fè enfòmasyon sikile ansanm ak resevwa enfómasyon.
  • Fè evalyasyon pèfòmans anplwaye ki nan depaman, fè rekomandasyon bay direksyon jeneral.

 

Lòt tach

  • Patisipe nan reyinyon lidèchip.
  • Fè tout lòt travay ki an rapò ak biznis devlopman sipèvize a mandel fè.

 

Kritè Rekritman

Etid: 4 lane inivèsite nan kontabilite, ekonomi oubyen jesyon.

Eksperyans : pou pi piti 3 lane eksperyans nan yo pòs responsabilite nan mikwofinans oubyen nan yon pòs responsabilite nan jesyon.

Kalite Pèsonèl ak Konpetans

  • Dinamik
  • Etik ak entegrite
  • Kapab jere konfli
  • Lidèchip
  • Disponib pou travay la ak pou kliyan/anplwaye 
  • Kapasite pou fè analyz
  • Byen konprann chif

 

Applicants meeting the minimum job qualification listed should send cover letter and resume to  This e-mail address is being protected from spambots. You need JavaScript enabled to view it

 

Copyright © 2012 Fonkoze - Haiti's leading microfinance institution. All Rights Reserved.